Siyati pwotokòl akò ant ministè Sante piblik ak Popilasyon epi ministè Ekonomi ak Finans, nan kad relokalizasyon Lopital jeneral
- Radio Voix des archanges
- 24 sept.
- 1 min de lecture
Konseye-Prezidan Leslie Voltaire, Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire te reprezante Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) nan ki sipoze fèt nan yon ti tan ki pa twò long. Seremoni sila a te òganize nan Viladakèy, nan jounen mèkredi 24 septanm 2025 lan. Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Konseye-Prezidan Leslie Voltaire felisite minis Sante a ak minis Finans lan pou lide relokalizyon pwovizwa Lopital jeneral la. Li twouve se yon bon mwayen pou li reponn ak ijans moman an nan lide pou bay sistèm sante a yon nouvo souf, pou asire byennèt popilasyon an, an atandan Lopital jeneral relouvri pòt li nan lokal abityèl li nan sant vil Pòtoprens. Nan sans sa a KPT a ap travay san pran souf pou retabli sekirite nan peyi a.




Commentaires