top of page

Sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini nonmenDaniela Kroslak kòm sekretè jeneral adjwen epi chèf Biwo Nasyonzini pou sipò ann Ayiti (BANUH),

  • il y a 2 jours
  • 1 min de lecture

Sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini (ONU), Pòtigè António Guterres, anonse nominasyon Daniela Kroslak, ki soti Almay, kòm sekretè jeneral adjwen epi chèf Biwo Nasyonzini pou sipò ann Ayiti (BANUH), yon nouvo estrikti ki fèk kreye.

An 2025, Daniela Kroslak te prensipal fasilitatè nan evalyasyon Misyon sipò Nasyonzini ann Libi (MANUL).An 2024, li te dirije evalyasyon endepandan sou pèsonèl estratejik ak sivil Biwo Nasyonzini bò kote Inyon Afriken (UNOAU).


Li te okipe pòs reprezantan espesyal adjwen sekretè jeneral la ak chèf misyon adjwen nan Misyon entegre miltidimansyonèl Nasyonzini pou estabilizasyon nan Mali (MINUSMA), jiska fen manda misyon an an desanm 2023.

Ant 2020 ak 2022, li te chèf misyon adjwen nan Misyon Nasyonzini pou sipò akò Hodeïda (MINUHA) nan Yemèn.


Li te tou chèf kabinè nan Misyon Nasyonzini pou sipò jistis ann Ayiti (MINUJUSTH).

Li gen yon doktora nan syans politik entènasyonal ak yon lisans nan istwa ak syans politik entènasyonal nan Inivèsite Aberystwyth (Wayòm Ini). Li gen tou yon lisans nan lang aplike nan Inivèsite Paul Valéry nan Montpellier (Frans).Nominasyon Daniela Kroslak kòm chèf BANUH la fèt nan yon moman kote fòs lòd yo ap mennen operasyon ann Ayiti, espesyalman nan sant vil Pòtoprens, pou repran zòn gang ame yo okipe.


ak jandam ann Ayiti anvan jen 2026 pou patisipe nan fòs sa a, dapre ajans Reuters.











 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note*
bottom of page