top of page

Politik: KPT a chita pale jodia ak pati politik yo nan lide pou ranfòse yo

  • Photo du rédacteur: Radio Voix des archanges
    Radio Voix des archanges
  • 1 nov.
  • 1 min de lecture

Konseye Prezidan Leslie Voltaire, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire te patisipe, samdi 1e novanm 2025 lan, nan seremoni lansman pwogram ranfòsman kapasite pati politik yo.Seremoni sa te dewoule an prezans Premye Minis Alix Didier Fils Aimé, plizyè manm nan gouvènman an, reprezantan kò diplomatik la, manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a, ansanm ak reprezantan pati politik yo ak sosyete sivil la.


Konseye-Prezidan Emmanuel Vertilaire, nan entèvansyon l te mete aksan sou nesesite pou bati yon politik solid ki chita sou respè ak transparans. Li souliye tou enpòtans fòmasyon ak modènizasyon estrikti politik yo pou yo kapab jwe wòl yo ak pwofesyonalis epi kredibilite. Daprè li, ranfòsman kapasite pati yo se yon envestisman nan lavni peyi a, paske se nan ranfòse fondasyon politik yo nap garanti estabilite, jistis sosyal ak devlopman dirab pou tout pèp la.


Responsab chantye jistis ak sekirite nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an Emmanuel Vertilaire raple ke misyon KPT a se mennen peyi a nan chemen eleksyon pou kapab rann enstitisyon nou yo pi fò, se sa ki esplike inisyativ KPT ak gouvènman an pou mete machin elektoral la kanpe depi kounye a, nan jefò pou asire yon tranzisyon demokratik san tèt chaje.

 
 
 

Posts récents

Voir tout

Commentaires


bottom of page