top of page

Politik: Konseye-Prezidan Leslie Voltaire, ak Anbasadris Kolonbi an Ayiti a, Vilma Rocio Velázquez Uribe distribiye manje bay moun nan kan deplase yo

  • Photo du rédacteur: Radio Voix des archanges
    Radio Voix des archanges
  • 27 oct.
  • 1 min de lecture

ki ap viv nan Kan sa a. Nan entèvansyon li an, li eksprime solidarite Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak fanmi ki nan moman difisil yo epi fè konnen Konsèy la ap travay pou moun yo kapab tounen lakay yo nan yon ti tan ki pa twò long. Anbasadris peyi Kolonbi an Ayiti a eksprime solidarite Leta kolonbi anvè Ayiti epi fè konnen peyi li a toujou pare pou ede Ayiti epi ranfòse kowoperasyon ant 2 peyi yo. Responsab Kan an, bò kote pa li, eksprime kontantman li genyen pou resevwa vizit sila a, epi pwofite lanse yon apèl bay otorite yo pou kontinye fè jefò pou moun yo kapab retounen viv lib e libè nan katye yo. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an konsyan se pa yon solisyon definitif pou moun ki ap viv nan kan sila a. Nan ka sa a, Leta ap kontinye afwonte pwoblèm yo, sitou ensekirite a, pou kapab fè tout moun ki nan kan yo retounen viv lakay yo jan sa dwe ye.

ree

 
 
 

Posts récents

Voir tout

Commentaires


bottom of page