top of page
Politik: Fanmi Lavalas pran distans li ak eleksyon yo

Politik: Fanmi Lavalas pran distans li ak eleksyon yo

il y a 10 minutes
1 min de lecture

Doktè Maryse Narcisse fè konnen vandredi 13 novanm lan, pati politik Fanmi Lavalas pran distans li ak pwosesis elektoral k ap prepare ann Ayiti a. Dapre deklarasyon li, pati a pa gen entansyon patisipe nan eleksyon yo toutotan sitiyasyon sekirite a pa amelyore epi kondisyon ki nesesè pou òganize eleksyon serye ak kredib yo pa reyini.


Li presize Fanmi Lavalas kapab patisipe nan pwosesis la lè kondisyon sa yo satisfè. Pozisyon sa a montre pati a pa rejte eleksyon yo definitivman, men li mete sekirite ak bon kondisyon òganizasyon yo kòm kondisyon pou patisipasyon li.



 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note*
jura.jpg
bottom of page