Politik: Ansyen Manm Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la fikse pozisyon yo sou fason yo te travay ki soulve konfizyon
- Radio Voix des archanges
- 27 oct.
- 1 min de lecture

Nan yon nòt yo pibliye, ansyen manm Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la fè yon “mizopwen” pou klè sou kèk konfizyon k ap sikile sou fason lajan Leta te depanse nan kad travay yo te ap mennen.
Dapre ansyen manm yo, Komite Pilotaj la pa t ni jere ni depanse lajan Leta, jan Atik 29 nan Dekrè 17 jiyè 2024 la te deja presize l. Se poutèt sa, dapre yo, se pa yo ki gen obligasyon pou bay rapò finansye sou kesyon sa a.
Yo fè konnen tout depans ki te fèt nan kad aktivite Komite a te jere atravè Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD), ki te responsab aplikasyon pwosedi finansye yo, sou demann Premye Minis la.
Ansyen manm yo raple tou Komite Pilotaj la te deja soumèt tout rapò sou travay li te fè konsènan Konstitisyon an, epi pwojè konstitisyon an te deja depoze nan men otorite konpetan yo. Yo ensiste sou lefèt ke Komite a pa t janm gen manda pou òganize okenn referandòm.
Nan menm nòt la, yo mande tout sektè yo pou yo kontinye respekte opinyon tout moun ki pa dakò ak pwojè Konstitisyon an, men yo kondane tantativ ki ta vize denigre pèsonalite ak òganizasyon ki te patisipe nan pwosesis la.
Finalman, yo fè konnen de lòt chantye enpòtan ki te deja lanse, sou nouvo pwojè sosyete a ak sou refòm enstitisyonèl ak legal yo, rete kanpe pou kounye a.
Nòt la siyen pa plizyè ansyen manm Komite Pilotaj la, tankou yo Enex J. Jean-Charles (ansyen prezidan), Gédéon Charles, Edelyn Dorismond, Norah A. Jean-François, Franck Lauture, Kerlande Mibel, Wideline Pierre, ak Joram Vixamar ki te Manm



Commentaires