
Mesaj Jocelerme Privert nan okazyon 220 èm lanmò Dessalines
il y a 58 minutes
1 min de lecture
Jodi 17 oktòb la fè egzakteman 220 lane depi yo te asasinen Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines. Plis pase de syèk apre, rèv libète, souverènte, diyite ak byennèt pou tout moun rete yon apèl pou konsyans nou ak yon gwo responsablite anvè peyi nou.
Ann fè memwa potorik gason sa a tounen yon fòs pou nou mete tèt ansanm, depase divizyon epi TRANSFÒME AYITI, pou tout Ayisyen kapab viv nan diyite, nan sekirite ak nan respè dwa yo.
Eritaj Dessalines dwe kontinye enspire batay nou pou yon Ayiti kote chak sitwayen ka viv tankou moun.
Jocelerme Privert
Ansyen Prezidan provizwa Repiblik la




Commentaires