
Lansman aktivite pou make santnè René Depestre
- Radio Voix des archanges
- 1 sept.
- 1 min de lecture
Nan lide pou demokratize liv ak pou pèmèt jèn yo dekouvri siksè liv kapab pote nan lavi yo, Direksyon Nasyonal Liv (DNL), ki sou sipèvizyon Ministè Kilti ak Kominikasyon, lanse ane santènè ekriven René Depestre a, nan otèl Manoir Adriana, nan vil Jakmèl, vandredi 29 out la, dat anivèsè ekriven, powèt ak militan an. Depestre te kòmanse karyè ekriti li an 1945 ak premye rekèy powèm li ki rele Étincelles, yon liv ki te soumèt a anpil kritik nan epòk la.
Seremoni an te louvri ak pawòl majistra vil Jakmèl la, ki te salye inisyativ la epi fè konnen se yon onè pou vil Jakmèl asosye ak aktivite sa a, ki mete plis valè sou zèv Depestre nan vil natal li.
Marc Ezavier, manm komisyon santènè René Depestre la, fè konnen omaj sa a ap pèmèt jèn yo dekouvri richès zèv ekriven an atravè divès aktivite tankou atelye, konferans, ekspozisyon, pwojeksyon fim ak konkou literè.
Pou pati pa l, Minis Kilti ak Kominikasyon an, Achitèk-Moniman Patrick Delatour, nan entèvansyon li a, te li yon lèt repons René Depestre e li te klè sou tout diskisyon ki te leve sou dat nesans powèt la.
Ernst Saint-Louis, Direktè DNL la, mete aksan sou nesesite pou gen moun ki pote rèv kreyatè yo bay jenès la, pou ede yo bati lavi yo nan bon kondisyon, paske, daprè li, “liv se pi gwo chemen an.”
Jounen lansman ane Depestre la te rive nan bout li ak yon montaj tèks ki sòti nan Étincelles, premye zèv li te pibliye an 1945.
Jean Dieubon Pierre



Commentaires